| |||||
deviz nasyonal im nasyonal |
Liberté, égalité, fraternité (Libètè, Ègalitè, Fratènitè.) Ladesalinyèn
| ||||
lang jantile |
krèyòl, fransè ayisyen | ||||
| |||||
istwa | |||||
endepandans - Lwa Endèpandans nan Rèpiblik Dayiti |
de Frans 1804 | ||||
politik | |||||
gouvènman - Prezidan |
rèpiblik Jovenel Moïse (mouri) | ||||
kapital | Pòtoprens | ||||
pi gwo vil | Pòtoprens | ||||
divizyon tip : depatman | |||||
Latibonit, Sant, Grandans, Nò, Nòdès, Nòdwès, Lwès, Sid, Sidès, Nip | |||||
vwazen | Jamayik, Kiba, Dominikani | ||||
òganizasyon | ONI, OEA, CARICOM | ||||
jewografi | |||||
sipèfisi (km²) dlo (%) frontiè (km) còt (km) pli ro (m) pli ba (m) |
27 750 (143) 2005 0,70 360 1 771 0 | ||||
ekonomi | |||||
monnen - divizyon |
|||||
PEB - total (US) - pa ab. (US) |
2002 10 600 000 1 400 | ||||
endis yo - EDI - EPI |
0.467 (153) 2004
| ||||
demografi | |||||
popilasyon (ab.) dansite (ab./km²) lavi (zan) ne (‰) mòtalite (‰) mòtalite timoun (‰) alfabèt (%) an vil (%) |
8 157 658 (92) estimasyon 2004 293,99 | ||||
endèks | |||||
kòd | |||||
kòd ISO | 332 - HT - HT | ||||
endikatif yo - entènet - telefonik - radyofonik |
.ht
| ||||
nòt | |||||
Ayiti, rele tou Repiblik Ayiti[1] (an fransè République d'Haïti), se youn nan peyi nan Gran Zantiy ki okipe tyè lwès sou zile Ayiti oswa Kiskeya nan lang premye abitan yo. Kapital Ayiti se Pòtoprens (an fransè : Port-au-Prince).
Se gras ak leve kanpe esklav Sendomeng yo Repiblik Dayiti rive kale nan lane 1804. Se premye peyi nwa ki rache libète li poukont li anba men lame fransèz. Popilasyon premye leta ki sòti anba chenn lesklavaj epòk kolonyalis ak rasis la gen plis nwa pase blan. Se Ayisyen nwa lwès yo ki te ede Ayisyen milat lè yo kwape moun otorite panyòl yo pou yo jwi endepandans kont Espay. Pandan 5 lane tou de pati yo te fè youn, yo te gen menm prezidan Jean-Pierre Boyer. Men menm Jan sou konplisite politik jeneral Ferrand ak yon ti ponyen fransè te fè Espay okipe pati Lès la. Se konsa Lafrans redivize li ankò ak zafè dèt pou lendepandans lan ki merite jistis ak reparasyon.
Ayiti se yon repiblik ki kòmanse fè eksperyans ak demokrasi depi lane 1987. Peyi Dayiti konnen yon diktati sòti nan lane 1957 jiska 1986 sou rèy François Duvalier ak Jean-Claude Duvalier[2]. Aprè mouvman sosyal ki rive pran nan tout peyi a, Jean-Claude Duvalier te pran egzil nan dat ki te 7 fevriye 1986 la. Aprè depa Prezidan Jean-Claude Duvalier, Repiblik Dayiti rive genyen yon lòt konstitisyon nan dat 29 mas 1987.[3] Depi kèk tan Ayiti se peyi ki ap eseye òganize tèt li ak rekonstwi li sitou aprè gwo tranblemanntè 12 janvye 2010 la kite ravaje li kote plis pase 300 000[4] moun mouri. Goudougoudou sa a te kraze yon pati nan peyi a.
Ayiti se yon bout zile ki gen yon listwa patikilye epi li genyen anpil bèl sit touristik ak anpil bèl plaj parapò ak kèk lòt peyi nan rejyon Karayib la. Ayiti te pami peyi ki gen destinasyon touristik nan Karayib la nan lane 1950, 1960, epi 1970.[5]